Unbossed
<span class=Unbossed" />

Yon Ajanda travayè Domestik Nwa

Nou pa fanm nwa ki tankou tant Jemima yo, nou pa tchoul blan. Nou menm fanm Nwa Travayè Domestik, nou se fanm ki fè fyète eritaj nou nan bati vilaj, nou se fanm k ap pouswiv rèv nou ak detèminasyon, nou se fanm ki enskri pou vote, k ap bati sendika, ki konn mache lwen, ki gen kadans yon pwezi, peyi sa a se peyi nou, nou renmen fò, e nou se fanm k ap bay tout moun payèt. Nou kwè li posib pou nou gen yon lavni miyò, yon lavni kote fanm nwa ak moun k ap bay swen fè eksperyans anpil kè kontan, sekirite ak byennèt. Bay non nou enpe respè.

Abstract "Inclusion" Graphic

Transfòme endistri travay domestik la yon fason pou yo enkli nou nan tout lwa pou dwa travayè, pou nou jwen pwoteksyon kont move kondisyon ak abi nan travay, epitou pou yo peye nou yon salè ki jis ke nou merite.

Abstract "Infrastructure" Graphic

Santre sou swen kolektif ak fè envestisman nan pwogram sosyal pou kreye enfrastrikti ki pou fè kominote Nwa yo pwospere.

Abstract "Disrupt" Graphic

Entèwonp danje sistemik ak sistematik ki afekte lavi tout fanm Nwa ak tout travayè domestik yo.

Debra, sèvis gadri nan kay

Grann mwen ak manman l 'ak manman m ' - anpil nan nou nan jenerasyon ki pase yo - se jis sèvant, oswa fanm menaj, oswa kizinyè nou te ye. Nou te travayè domestik. Se yo ki t ap soutni kay lòt moun. se yo ki t ap veye timoun yo, se yo ki te responsab kay yo. Jodi a, n ap eseye pou fè yo rekonèt ke travay sa a se yon pwofesyon tout bon. Nou merite pou yo respekte nou pou sa n ap fè. Nou gen diplòm ak sètifika ak degre, men menm si nou pa t genyen yo, travay sa a se yon travay pwofesyonèl. Li enpòtan. Paske si gadri m nan pa t louvri, lòt moun pa t ap ka al nan travay yo.

Debra, sèvis gadri nan kay

Glenwa, Moun k ap netwaye kay

Pafwa fason yo trete nou, raple nou fason yo te konn mal mennen zansèt nou yo. Otan nou evolye nan sosyete nou an, se otan gen rasis ak lapenn nan mitan nou toujou, sèlman yo jis fè yo nan yon fason ki pi sibtil. Kòm yon travayè domestik Nwa, mwen pran fyète nan travay m ap fè a. Mwen rekonesan anpil dèske mwen eritye nan travay Dorothy Bolden nan, ak pou chans mwen genyen pou m òganize ak goumen ak lòt travayè domestik tankou m. Òganize se sèl fason pou bagay yo chanje epi pou yon vin miyò.

Glenwa, Moun k ap netwaye kay

This site is registered on wpml.org as a development site.